Nou menm frè m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta. Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn. Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn. Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun. Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo. Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou! Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a. Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch. Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo. Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li. Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye. Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun. Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo. Pou mwen menm, frè m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò. Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen. Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini. Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m' kontan.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.