Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa. Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè. Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li. Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle. Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy. Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti. Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'. Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'? Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd. Se yon miray ranpa mwen ye. Tete m' tankou de fò. Se poutèt sa, nan je mennaj mwen, m' se yon fanm ki jwenn bonè m'. Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil (01.000) pyès ajan. Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil (01.000) pyès ajan pa ou yo ak desan (0200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la. Zanmi kanmarad ap pare zòrèy pou tande ou. Fè m' tande vwa ou non, ou menm ki rete nan jaden yo! Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.