Se yon woz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak. Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmòrèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo. Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen. Li mennen m' yon ti kote al bwè avè l'. Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen. Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen! Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li! Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle. Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen. Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè. Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen! Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe. Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa. Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen! Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous! Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k'ap fleri. Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo. Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.