Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou! Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li. Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, de ti gazèl menm fòs, menm pòte. Kou ou tankou yon fò won fèt an ivwa. Je ou yo tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou tankou gwo fò peyi Liban an k'ap veye sou lavil Damas. Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo! Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen! Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis. Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou! Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi. Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi. Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo. Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale. Ou ka pran sant mandragò yo. Devan papòt nou an gen tout kalite bon fwi, fwi ki fèk keyi ak fwi ki byen mi. Mennaj mwen, se mwen ki te sere yo pou ou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.