Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li. Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li. Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen? Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an. Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle. Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann. Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la. Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit. Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban, Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo. Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.