Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite. L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la. Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a. Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite. Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Seyè a, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a, l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la. Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a. Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a. Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a. L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la. L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a. Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.