Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou. Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti. Lè w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv. Lè w'ap ofri yon pen kwit sou platin, w'a fè l' ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l'. W'a koupe l' an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a. Lè w'ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w'a fè l' ak farin melanje ak lwil oliv. W'a fè yon ofrann avè l' bay Seyè a. W'a pote l' bay prèt la ki va mete l' sou lotèl la. Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule l' sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a. Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a. W'a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo. W'a simen sèl sou tout ofrann w'ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n'ap ofri. Lè w'ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w'a ofri grenn griye nan dife ak farin ble. W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a. Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.