Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l'a pran nan bèt li yo. Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'. L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras. L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a. Apre sa, y'a kòche towo a, y'a koupe l' an moso. Prèt yo, pitit Arawon, prèt la, va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la. Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite. L'a touye l' sou bò nò lotèl la, devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la. Lèfini, nonm lan va koupe l' an moso. Prèt yo va mete tout moso yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la. Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. Si se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Seyè a, se va toutrèl osinon pijon. Prèt la va pran zwazo a, l'a pote l' bò lotèl la, l'a peze bèk li, l'a tòde kou l' pou l' touye l'. Y'a boule tèt la sou lotèl la, y'a fè san li koule sou kat bò lotèl la. L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a. Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.