Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la. Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a. Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè. Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.