Jonas pa t' kontan menm lè li wè sa, sa te fè l' fache anpil. Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo. Koulye a, Seyè, ou mèt tou touye m' fini ak sa. M' pito mouri pase pou m' viv pou m' wè bagay sa a devan je m'! Seyè a reponn li: -Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa? Jonas kite lavil la, li ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonèl, li chita nan lonbraj anba tonèl la, l'ap tann pou l' wè sa ki pral rive nan lavil la. Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l' rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbraj sou tèt li, pou li ka santi l' pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a. Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri. Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa! Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri. Lè sa a, Seyè a reponn li: -An! Ou pran lapenn pou yon ti pye masketi ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè l' grandi. Li pran yon sèl nwit pou l' grandi. Apre yon sèl jou, li mouri. Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil (0120.000) timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.