Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a, li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen. Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule. Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale. Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri. Apre sa, marin yo yon di lòt: -Ann tire osò pou n' konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki soti. Epi yo di l': -Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou? Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a. Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Seyè a. Marin yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l' konsa: -Sa ou fè konsa, monchè? Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l': -Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal? Jonas reponn yo: -Pran m', lage m' nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a. Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou. Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa. Epi yo pran Jonas, yo lage l' nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt. Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'. Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.