Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a. Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la. Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt. Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.