Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen. Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen. Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò! Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen. Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò. Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'. Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a. Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou. Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.