Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan. Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sèvi ou. Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo. Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba. Se konsa, David voye chache l'. Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l' konsa: -Mefibochèt? Li reponn: -Se mwen menm, monwa. M' la pou m' sèvi ou. David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'. Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di: -Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen? Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'. Ou men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sèvi avè ou yo, nou pral travay tè a pou li. W'a pote rekòt la ba li pou rès fanmi l' ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avè m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sèvi l'. Ziba reponn li: -M'ap fè tou sa monwa ban m' lòd fè. Se konsa, Mefibochèt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a. Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochèt. Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l' yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.