Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo. Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo. Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a? Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou. Yo reponn li: -Sayil te soti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l' te touye nou nèt pou l' pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la. Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo. David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye. Men, li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a. Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la. Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo. Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a. David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.) David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou. Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a. Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke. Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li. Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou. Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo. Pandan yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon. vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo. Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'. Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.