Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil. Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la. David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li. Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l' konn sa. David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David. Lè Ouri rive, David mande l' nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye. Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li. Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo. Lè David vin konnen Ouri pa t' al lakay li, li mande l': -Ou fèk antre soti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou? Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m' al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m' pa ka janm fè bagay konsa. David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò. David envite l' vin manje avè l'. Li fè l' bwè jouk li sou. Men jou swa sa a tou, Ouri pa desann al lakay li. Li kouche sou kabann li ansanm ak sòlda palè wa yo. Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale. Nan lèt la, li te ekri: W'a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l'. Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a. Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou. Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase. Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la, li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m' te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou? Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou. Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l' la. Li di l': -Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon soti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la. Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou. David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'. Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li. Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.