Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l' kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba. Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye, depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a. Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye. Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'. Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l'. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la. Lè yo rive anndan, y' al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l'. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l', yo pati avè l'. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an. Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li. David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè, lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a. Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè. David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y' al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y' al antere l' Ebwon, nan tonm Abnè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.