Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal. Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l' manke l' respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l' sèvi l' pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo. Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an, se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen. Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan. Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an. Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li. Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou. Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo. Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè. Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa. Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou: Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt. Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf. Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an. Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans. Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.