Mwen menm, Pòl, yon apòt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou, m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze. Se pou ou rete nan lavil Efèz, jan m' te mande ou la lè mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kèk moun nan lavil Efèz la k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a. Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakòz moun fè yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a. W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye. Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans. Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan. Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la. Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an. Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a. M'ap di Jezikri, Seyè nou an, mèsi dèske li ban m' fòs kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di l' mèsi dèske li te konsidere m' anpil pou l' te fè m' tout konfyans sa a, pou l' te chwazi m' pou sèvis li, atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pèsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fè. Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la. Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout. Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn. Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen. Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo. Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.