Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay. Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan. Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè. Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a? Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan. Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan. Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan. Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp. Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak. Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay. Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen. Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a. M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan. Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a. Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.