Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti. Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn. Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye. Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.