Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo. Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou. Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle. Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle. Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou. Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja. Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun. Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li. Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa. Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan. Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis. Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann. Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.