Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout. Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen. Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Seyè a. Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè. Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li. Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache. benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a. Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li. Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l' te vle l' la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye. Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè. Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye. Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas. Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l' sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l' soti pou l' fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a. Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen. Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.