Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun. Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li. Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan, èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo. Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal? Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal. Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo. Paske Bondye ki di: Pa fè adiltè, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fè adiltè, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a. Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a. Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an. Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri. Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen. Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè. Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen? Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la? Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye. Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou. Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo? Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.