Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye. Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a. Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa. Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò. Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li. Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l' madichon. Lè sa a, yo ka boule li. Nou mèt wè m' ap pale konsa, frè m' yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an. Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou. Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre. Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la. Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li. Li te di: Mwen pwomèt ou pou m' beni ou, pou m' ba ou anpil anpil pitit pitit. Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a. Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt. Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la. Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an. Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la. Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.