Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye. Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen. Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb. Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon. Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou. Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk. Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye. Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo. Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan, paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye. Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou. Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje. Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon. Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.