Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a. Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye. Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn. Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo. Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye. Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li. Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò. Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a. Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li. Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a. Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.