Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la. Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li. Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè. Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote. Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la. Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an. Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive. Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye. Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'! Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la. Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou. Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen. Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun. Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l' ba yo kè poze, pou l' gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a. Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye. Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.