Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò. Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen. M'ap repete sa m' te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande. Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a. Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou. Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou. Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a? Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki soti nan Bondye k'ap rele nou an. Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pa t' la leve. Men, Seyè a fè m' gen konfyans nan nou, li ban m' lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l' te ye, Bondye gen pou peni li. Pou mwen menm, frè m' yo, si m' t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m' jouk koulye a? Epitou, nan ka sa a, mesaj m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pesonn okazyon bite. Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa. Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou! Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò. Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil. Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo. Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay. Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.