Apre sa, katòz lanne te pase anvan m' te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m' tou. Kifè m' te moute a, se paske Bondye te fè m' konnen pou m' te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi, atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kò yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libète nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvèl la pou nou menm, moun Galasi. Moun ki te pase pou chèf yo, mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun-wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pa t' fè m' okenn lòt egzijans. Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo. Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m' apa tou pou m' te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo. Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pase pou chèf nan legliz la, yo te rekonèt se Bondye ki te ban m' travay sa a, yo bay Banabas ak mwen lanmen tankou asosye. Nou tonbe dakò pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo, pou yo menm y' al travay ak jwif yo. Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fè sa. Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon. Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo. Lòt frè jwif yo te kòmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif? Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa soti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche. Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l' gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pesonn gras paske li fè sa lalwa mande. Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m' gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, èske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa. Paske, si m'ap rebati sa m' te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa. Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a. Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen. Mwen pa voye favè Bondye fè m' lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.