Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l' bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l' kontan, tout pli nan fwon l' disparèt. Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a. Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle. Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l' poukisa l'ap fè sa l'ap fè a. Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a. Chak bagay gen jan pou yo fè l' ak lè pou yo fè l'. Se la tout tèt chaje a ye. Pesonn pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pesonn ki ka di nou sa ki pral rive. Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo. Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri. Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen. Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal. Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (0100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye. Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye. Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen. Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a. Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit, ou p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.