Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou. Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè. Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete. Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt. Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay. Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman. Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy. Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen. menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè. Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.