Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil. Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil. Yon nonm te mèt gen san (0100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'. Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen. Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a. Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a? Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen. Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'. Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou? Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.