Moyiz kite plenn Moab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Seyè a fè l' wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan, tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a, tout zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa. Seyè a di li konsa: -Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l' ak je ou, men ou p'ap antre ladan l'. Se la Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri nan peyi Moab la, jan Seyè a te di li t'ap mouri a. Seyè a antere l' nan peyi Moab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pesonn pa konnen ki kote li antere. Lè Moyiz mouri, li te gen sanventan. Li te wè byen nan je l' toujou, li te byen enganm toujou. Moun pèp Izrayèl yo pase trant jou nan plenn Moab yo ap kriye lanmò li. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la. Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas. Pa gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Seyè a te voye l' al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvenman l' yo ak tout moun ki te nan peyi a. Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.