Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou. Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, l'a pale ak sòlda yo. L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo. Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la. Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye. Eske gen yon moun la a ki fèk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l' lan. Eske gen yon moun isit la ki fiyanse pou l' marye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fiyanse l' la. Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou. Lè chèf yo va fin pale konsa ak sòlda yo, y'a chwazi yon kaptenn pou chak divizyon pou mache alatèt lame a. Lè n'ap pwoche bò yon lavil pou n' atake l', premye bagay n'a fè, n'a mande l' pou l' fè lapè ak nou. Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou. Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l'. Seyè a, Bondye nou an, va lage l' nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la. Men, n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Seyè a menm ki ban nou yo. Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a. Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'. Se pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la. Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo. Si lè n'ap atake yon lavil nou wè nou blije sènen l' pandan lontan anvan pou nou ka pran l', piga nou koupe ankenn pyebwa ki bay fwi, paske nou ka bezwen fwi yo pou nou manje. Pa koupe pyebwa yo. Se pyebwa ase yo ye, se pa moun yo ye. Ou pa ka aji avèk yo tankou moun ki nan lavil ou sènen an. Men, nou gen dwa debranche pyebwa ki pa bay fwi, nou ka koupe yo, nou ka sèvi ak yo pou fè zouti pou atake lavil la jouk lavil la va tonbe nan men nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.