Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kèk gwo wòch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho. Apre sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, n'a kanpe wòch sa yo sou tèt mòn Ebal, jan mwen di nou li jòdi a. N'a blanchi yo ak lacho. N'a pran wòch, n'a moute yon lòtèl la tou pou Seyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n' fè lòtèl la ak sizo. Se pou n' pran wòch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lòtèl Seyè a, Bondye nou an. Se la n'a touye bèt nou ofri pou yo boule nèt pou Seyè a. Se la n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an. N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo. Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a. Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a: -Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la. Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon. Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande: -Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun ki fè yon avèg pèdi chemen l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avèk sè li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun ki touye yon lòt moun Izrayèl parèy li an kachèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! -Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.