Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la. Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a. Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a. Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun. Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen. Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou. Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit. Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou). Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj. Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou. Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo. Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou. Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo. Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an. Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen. Se mwen menm Pòl, ak men pa m', k'ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m' nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.