Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze. Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou. Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a. Depi premye jou yo te fè nou konnen bon nouvèl la ki yon mesaj ki vre, nou te gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen tout konfyans sa a ak tout renmen sa a nan kè nou. Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè. Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m', ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m' nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la. Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou. Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri. Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye. Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans. Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a. Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay. Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a. Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou. Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch. Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi. Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li. Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a, pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li. Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a. Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la. Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.