Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen. M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la. Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache. Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite. Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la. Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi. Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la. Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa. Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal. Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo. Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a. Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la. Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo. Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo. Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la. Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.