Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la. Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou. Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich. Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou. Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich. Men lide mwen fè sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te kòmanse ranmase lajan pou sa. Koulye a, se pou n' kontinye fin fè jès la nèt. Menm jan nou te mete tout kè nou lè nou t'ap pran desizyon fè l' la, mete tout kè nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen! Tit te asepte fè sa m' te mande l' fè a. Men, li te sitèlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale lakay nou. Nou voye yon frè avè li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frè sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvèl la. Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre. Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwòch pou yo fè nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an. N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou. N'ap voye yon lòt nan frè nou yo ak yo tou. Nou te swiv frè sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sèvis la. Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fè nou konfyans anpil. Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la. Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.