M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn. Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li. Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a. Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye. Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen. Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay. Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen. M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la. Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou. Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye. (13:12) Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou. (13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.