Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fè nou lapenn ankò. Si pou m' ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m' kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo? Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou. Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil. Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn. Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li. Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l' nèt. Se poutèt sa, m'ap mande nou pou nou aji avè l' yon jan pou fè l' wè jan nou renmen li. Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou. Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lè m' fè sa, mwen fè l' pou nou devan Kris la, pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li. Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la. Men, kè m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan. Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la. Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri. Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa? Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.