Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon. Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an. Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li. Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen. Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre), pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou. Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a. Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite. Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche. Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a. Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.