Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la. Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare. Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv. Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale? Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè. Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati. Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati. Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt. Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay. Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule. Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a. Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon. Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan. Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen. Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye. Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou. Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.