Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li? Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije. Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou. Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt, kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou? Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an. Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye. Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye. Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li. Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib! Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò. Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li. Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.