Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen. Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun. Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan. Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an. Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun. Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen. Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li. Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li. Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a. Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a. Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen. Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.