Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la. Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans. Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp. Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal. Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas. Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou. Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay. Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre. Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt. Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.