Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a. Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi. Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? (Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò. Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo. Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a. Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li. Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo. Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li. Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo? Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li. Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an. Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout. Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan. Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou? Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an. Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo. Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje? Yo ofri l' yon moso pwason boukannen. Li pran l', li manje l' devan je yo. Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. Nou temwen tout bagay sa yo. Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou. Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo. Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.