Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li. Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale. Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a? Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa. Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di: Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè. Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo. Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li. Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan. Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis. Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la. Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz. Y'a di: Nonm lan kòmanse bati, men li pa kapab fini. Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil (10.000) òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) òm. Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman. Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò? Lè sa a, sèl la pa bon pou mete ni nan jaden ni nan fimye, se jete pou yo voye sa jete. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.