Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè. Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive? Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive. Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm? Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann. Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (01290) jou ki gen pou pase. Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (01.335) jou sa yo va fin pase! Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.